Wyclef Jean - 24 � Tan Pou Viv lyrics

Published

0 367 0

Wyclef Jean - 24 � Tan Pou Viv lyrics

Mwen ta renmen konen dat jou m'ap mouri� Yeh Si'w te gen 24 � tan pou viv Epi nou konnen'w ta pral mouri (24 � tan) Kisa'w t'ap f�? Yo [Verse 1] Si m'te gen 24 � tan viv mwen ta pral cheke manmi Di'l li te f� yon bon travay av�k premye pitit li L� yo te rele'm vol�, asasin Li pat janm lage'm Li te toujou kenbe'm Bo'l sou fwon t�t li apre sa pran lari 2 z� e demi rele Gerald Duplessis Di'l, vin chache'm, depoze'm Kay madanm mwen gade jan l'abiye byen fre Li di Wyclef an'n al mange nan tap tap Mwen di mwen pap ka paske demen mwen pap la Mwen s�lman vin rem�si'w ak tout k�'m Paske bagay mwen te f�'w pase ou pa menm te dwe rete av�'m Ou se yon b�l fi Ou pa bezwen kriye Depi ou w� m'ale Ou m�t remarye Mwen ta renmen konen dat jou m'ap mouri� [Chorus] X2 Si'w te gen 24 � tan pou viv Eske'w ta chante? Eske'w ta danse? Eske'w ta kriye? Di yo ou prale (m'prale wi) Di yo ou prale (m'ale!) [Verse 2] Apre sa mwen soti nan kay lan mwen antre nan machin lan Pick up cellular an call ti fr�'m nan Allo Farel l� w'ap mache nan lari siviye yo Yo gen anpil jalouzi Menm n�g ou w� k'ap touye moun pou ou Se menm n�g yo k'ap mete zam sou ou Farel di fr� nou Samuel se li menm ki b�s Mwen tande li du pou'l d�mi apre li te f� yon div�s Men Bondye a b'al f�s kankou Samson Men siviye fanm ki vin an demon san pwoteksyon E pa bliye pwoteje Rosaron Mwen gen yon zam anba matla a, kote bib la E n�g k'ap mande kiy�s ki Rosaron Mwen gen 2 s�, se li menm ki bebe an L�t lan li pi gran, yo rele'l Melky Depi li piti l'ap goumen ak gason ak fi Depi'w derespekte fanmi, w'ap ba'l rezon Pou li pike'w, li pa care si'l pran prizon Men ti kouzen'm Renel, kontwole yo Paske si e pa sa, y'ap touye yo E di Kifila, Jah, Raymond, Junior, Joshua Yo pa mafya Mwen ta renmen konen dat jou m'ap mouri� [Chorus] X2 [Verse 3] L� kouzen'm Diana tande m'pral mouri Rele anbilans, li tonbe pran kriz Mwen gen in � tan rete nan New York city Apre sa mwen sipoze av�k Biggie nan paradi Se l� mwen sonje zanmi mwen Haitian Jack Si t�lman nou zanmi nou rele t�t nou kouzen l� n'ap f� zak E m'pa gen bodyguard mwen gen yon gran fr� Que yo rele Big Beast li pa janm p� E nou pa janm p� Mwen tande moun ap kriye Mwen gade mont lan, l� a rive Ch�z tonbe kraze Fanmi tonbe rele Se l� ti s�'m lan di leve leve ou t'ap reve 'Clef Mwen ta renmen konen dat jou m'ap mouri� [Chorus] X2