Wyclef Jean - 24 È Tan Pou Viv lyrics

Published

0 591 0

Wyclef Jean - 24 È Tan Pou Viv lyrics

Mwen ta renmen konen dat jou m'ap mouri… Yeh Si'w te gen 24 è tan pou viv Epi nou konnen'w ta pral mouri (24 è tan) Kisa'w t'ap fè? Yo [Verse 1] Si m'te gen 24 è tan viv mwen ta pral cheke manmi Di'l li te fè yon bon travay avèk premye pitit li Lè yo te rele'm volè, asasin Li pat janm lage'm Li te toujou kenbe'm Bo'l sou fwon tèt li apre sa pran lari 2 zè e demi rele Gerald Duplessis Di'l, vin chache'm, depoze'm Kay madanm mwen gade jan l'abiye byen fre Li di Wyclef an'n al mange nan tap tap Mwen di mwen pap ka paske demen mwen pap la Mwen sèlman vin remèsi'w ak tout kè'm Paske bagay mwen te fè'w pase ou pa menm te dwe rete avè'm Ou se yon bèl fi Ou pa bezwen kriye Depi ou wè m'ale Ou mèt remarye Mwen ta renmen konen dat jou m'ap mouri… [Chorus] X2 Si'w te gen 24 è tan pou viv Eske'w ta chante? Eske'w ta danse? Eske'w ta kriye? Di yo ou prale (m'prale wi) Di yo ou prale (m'ale!) [Verse 2] Apre sa mwen soti nan kay lan mwen antre nan machin lan Pick up cellular an call ti frè'm nan Allo Farel lè w'ap mache nan lari siviye yo Yo gen anpil jalouzi Menm nèg ou wè k'ap touye moun pou ou Se menm nèg yo k'ap mete zam sou ou Farel di frè nou Samuel se li menm ki bòs Mwen tande li du pou'l dòmi apre li te fè yon divòs Men Bondye a b'al fòs kankou Samson Men siviye fanm ki vin an demon san pwoteksyon E pa bliye pwoteje Rosaron Mwen gen yon zam anba matla a, kote bib la E nèg k'ap mande kiyès ki Rosaron Mwen gen 2 sè, se li menm ki bebe an Lòt lan li pi gran, yo rele'l Melky Depi li piti l'ap goumen ak gason ak fi Depi'w derespekte fanmi, w'ap ba'l rezon Pou li pike'w, li pa care si'l pran prizon Men ti kouzen'm Renel, kontwole yo Paske si e pa sa, y'ap touye yo E di Kifila, Jah, Raymond, Junior, Joshua Yo pa mafya Mwen ta renmen konen dat jou m'ap mouri… [Chorus] X2 [Verse 3] Lè kouzen'm Diana tande m'pral mouri Rele anbilans, li tonbe pran kriz Mwen gen in è tan rete nan New York city Apre sa mwen sipoze avèk Biggie nan paradi Se lè mwen sonje zanmi mwen Haitian Jack Si tèlman nou zanmi nou rele tèt nou kouzen lè n'ap fè zak E m'pa gen bodyguard mwen gen yon gran frè Que yo rele Big Beast li pa janm pè E nou pa janm pè Mwen tande moun ap kriye Mwen gade mont lan, lè a rive Chèz tonbe kraze Fanmi tonbe rele Se lè ti sè'm lan di leve leve ou t'ap reve 'Clef Mwen ta renmen konen dat jou m'ap mouri… [Chorus] X2