TMD - Se Tandem Tande lyrics

Published

0 193 0

TMD - Se Tandem Tande lyrics

Depi mwen konnenw cheri se ou mwen damou Mvle pataje vim avew toulejou Chak fwa m'wew m'santi m'ap pedi tet mwen Le m'gen pwoblem, m'konnen ou pa janm two lwen Ou se sel fanm ki ka konsole m' le m'chagren Siye dlo nan je m' le ti ke m' fennen Mwen te nan lari leu w' vin pou lonje men ban mwen Jodi a se gras a ou mvin konn sa k' rele renmen Manman w' met pa vle, papa w' met pa vle Se pa yo k' te ekri destinen k' te fe n' rankonte Zanmi w' met pale, fanmi w' met joure Sa pa regade m', sa pa sa pa regade m' Se tande m' tande Yo di ke n' pa ka renmen Se tande m' tande Yo di ke n' pa ka damou Se tande m' tande Yo di ke m' pa fet pou ou Se tande m' tande m' tande m' tande X2 Depi m' rankontre w' la m'pa vle pyes lot ke ou M'anvi rete nan bra w' pou n' pa janm sispann fe lanmou Ou se sel zetwal ki klere chimen an mwen Si ou pa a kote m' anko m'pa menm vle we demen Ti rad sa a fe w' byen ou konn tout sa mwen renmen Jan ou pal'ave m' jan ou pase men sou mwen Fe mwen vle fouou gen tout sa mwen bezwen Jodi a mwen genyen w' m' pap janm kite w' ale two lwen Manman w' met pa vle, papa w' met pa vle Se pa yo k' te ekri destinen k' te fe n' rankonte Zanmi w' met pale, fanmi w' met joure Sa pa regade m', sa pa sa pa regade m' Se tande m' tande Yo di ke n' pa ka renmen Se tande m' tande Yo di ke n' pa ka damou Se tande m' tande Yo di ke m' pa fet pou ou Se tande m' tande m' tande m' tande X2 Keyi zetwal pou ou, m'vole lalin pou ou Pa gen anyen ke mwen pap fe pou ou M'bliye zanmi m' pou ou kite fanmi m' pou ou Bey bey bey M'fe jalouzi pou ou M'vole machin pou ou Pa gen anyen ke mwen pap fe pou ou M'bliye zanmi m' pou ou kite fanmi m' pou ou Woh ouh woh oh !!! M'anvi renmen ave w' cheri tout tan gen tan M'anvi love ave w' jis pou yon ti moman X2 Se tande m' tande Yo di ke n' pa ka renmen Se tande m' tande Yo di ke n' pa ka damou Se tande m' tande Yo di ke m' pa fet pou ou Se tande m' tande m' tande m' tande X2 Keyi zetwal pou ou, m'vole lalin pou ou Pa gen anyen ke mwen pap fe pou ou M'bliye zanmi m' pou ou kite fanmi m' pou ou Bey bey bey M'fe jalouzi pou ou M'vole machin pou ou Pa gen anyen ke mwen pap fe pou ou M'bliye zanmi m' pou ou kite fanmi m' pou ou Woh ouh woh oh