Tibob De Nazareth - Egzile lyrics

Published

0 343 0

Tibob De Nazareth - Egzile lyrics

Egzile Lyrics: Tibob Music: Tibob Nou jiferan depi lontan nou depaman Hmm men jiskaprezan Nou depòte nou vwayaje nou egzile Hmm gade nou sou tout latè n gaye n san direksyon peyi nou ape trimen nan w vag dezolasyon pagen pòsyon ki pou ba l gerizon Nou ta vle tounen yon jou pou n sèvi peyi nou nou reve men lespwa nou ap retresi chak jou kalkilasyon vanse fin fè nou fou Se vre n travay san chitatann se sa moun lakay pa konprann kote n pase n se etranje nou fatige ak prejije Nou konnen nou se yon pèp ki pa p dekouraje nou sèten nan bay lanmen yon jou n a va rive se sèl maji ki ka fè n delivre An n ale jenès nou se lafòs nou se lespwa an n lite an nou montre moun yo nou toujou la nou se yon pèp ki konnen fè listwa Si jodi la nou ajenou se pa vwazen se fòt pa nou nou vann nanm nou pou plat manje foli pouvwa fè n divize Refren Ayiti, sispann krazebrize pou nou ka vanse Ayiti, an nou serekole konsa n a rive Ban m lè pou m pale menm si lòt fache dat nou egzile nou pe pa chenbe lagè se sa n plante ak imoralite chè nou plen mechanste ki sa n te vle rekòlte (la) Refren Peyi n fin kraze tèlman n divize gouvènman pase anyen pa regle vire tounen n tonbe nan goumen n ap viv nan chen-manje-chen politisyen fè nou fè tenten Se tout kote n ale nou yo divize se tout kote n pile nou yo imilye w a di n pagen peyi w a di nou san patri responsab nou yo genlè n pa wè nou nan dlo Refren Di mwen ki kote n prale si n pa gen linyon si n pa ke fè wout ansanm Pou n delivre chèche koneksyon pou nou ka fè wout ansanm Menm si nou pa dakò nou ka kreye w akò pou nou pa pèdi tan pou nou pouse douvan 2004 rive, tèt nou debraye nou pa ka mache konsa fò n chita pou nou pale fò n chita pou n eksplike nou pa nan pèdi tan fòk nou pouse douvan se peyi pa w se peyi pa m ... Produced by: Tibob Keyboards: Tibob & T-Jean Ba**: Ti Doudou Guitars: Youyou & Sergo All Backgrounds: Tibob Drums: Ti Doudou **** **** **** **** In exile Like wanderers we’re everywhere disbanded, dismantled hmm! hmm! nothing has changed Crossing oceans traveling continents we’re in exile hmm! hmm! Look at us without destination we’re scattered on the face of the earth our country is sinking in the ocean of desolation no potion can relieve its pain It’s our desire to go back some day to rebuild our country we dream on but our hope keeps on shrinking this pain is k**ing us softly We do work unceasingly but our folks back home don’t get it where ever we go we are strangers we’re tired of being discriminated against We know we’re a people to never lose hope we’re certain unity will get us there some day that’s the only magic to deliver us Come on young souls, we’re the power, the hope let us fight to show the world we still have it we’re a people that made history If today we’re on our knees we’re the only ones to blame we’re selling our souls for food the lust for power is still dividing us. Chorus Haiti, stop the genocide we’ve got to move ahead Haiti, let’s be united then we’ll know victory I need to talk others will get upset so long in exile can’t hold anymore crime, immorality, war are our seeds we step over respect and love what do we expect? Chorus Our country is destroyed we’re so divided governments come and go our bad destiny seems untouchable for nothing we start fighting like wild savage beasts politicians keep on deceiving God, come rescue the Haitian people! Everywhere we go we’re humiliated every road we take we’re disappointed it’s like we have no family it’s like we have no country our government officials can’t you see we’re dying! Chorus Tell me where we’re heading if we’re disbanded if we can’t work side by side we’ve got to connect and walk side by side if we wish to make it.