Tibob De Nazareth - Met Bondye Nan Sa lyrics

Published

0 266 0

Tibob De Nazareth - Met Bondye Nan Sa lyrics

Met Bondye Nan Sa An n kase tèt tounen pou nou redemare fòk nou (konn kote nou prale) Nou gen yon sèl chimen nou pa ka debraye (fòk nou ka rasanble) Si n gade douvan glas n a wè nou se pòtre fòk nan kè ou gen plas pou mwen ka soulaje Nou se kabrit menm ras nan savann dezole n ap travèse menm pas flanbe nan menm dife Si nou pa mete men pou nou rebat lakat (nou deja al brachat) pou n gen w pi bèl denmen fò n pa sispann konbat (se ansanm n ap debat) Nou met nanm nan boutèy Lespri n toujou andèy Nou sipto simen poud Tan pou n kwaze lekoud N ape fè kwi-monte Menm lè n pa ka manje An nou rekonsilye An n fè plas pou Bondye Refren 1 Anye Anye nan menm chenn nan n ye (bis) Refren 2 An nou ranje sa An nou chanje sa Met Bondye nan sa (bis) Lanmò ape suiv nou (anye) menm lè n al lòtbò dlo (anye) e depi nen pran kou (se je ki kouri dlo) An n sispann jete dlo (anye) Sispann bay kou nan do (anye) Rele govi nan dlo Ap fè n mache pa do Refren 2 Depi pye ou glise (anye) se mwen-menm ki tonbe (anye) si kè mwen pa sote (mwen an sekirite) Menm si n pa menm plimay (anye) Nan san nou se tokay (anye) An n sispann bay piyay Nan Bondye pa gen fay