Tibob De Nazareth - Louvri Je W lyrics

Published

0 268 0

Tibob De Nazareth - Louvri Je W lyrics

Louvri Je w M ap pale w de Bondye Sa pa entèrese w Ou ban mwen randevou (Ou pa la) M rele w nan telefòn Ou d m janbe lèbòn Mwen ale lakay ou (Ou pa la) Lè n resi rankontre Ou pran filozofe Tout fason mwen vire w (Ou pa la) Ou di w se syantifik Pinga m vin ba w panik M eseye louvri je w (Ou pa la) Pon/Refren Pou ou la vi se pran plezi Monte desann epi mouri Sonje gen yon jou k pou rive Lè sa w a regrete Zanmi louvri je w Pannan ou gen tan Zanmi leve pye w Si w entelijan Souf ou ka lage w San menm testaman Anvan ou bat je w Ou ka ap tann jijman Oh oh oh! (3 fwa) Tchala II Yon nonm te mèt save Ak sèvè l byen gonfle Douvan mèvèy Bondye (Fò l kanpe) Sa k kouve larivyè Nan fon zantray latè Sa ki kenbe kanmè (Fè l pa koule) Ti dekouvèt lasyans Douvan l se jwèt danfans Li bay entelijans (Fè n panse) Fè lèzòm eksplike Kote souf li prale Lè lanmò vizite l (L ap bouchbe) III Paske w gen volonte Paske w ap respire Ou di w pa kwè Bondye (Egziste) M pa tann ou nan sèkèy Simityè san z òrèy Fòk ou tande konsèy (Moun sove)