Tibob De Nazareth - Kod La Kase lyrics

Published

0 275 0

Tibob De Nazareth - Kod La Kase lyrics

KOD LA KASE Lè w vin nan Bondye gon w pil avantaj Apre w jwenn syèl lavi w chanje paj M t antoure ak yon bann fo zanmi Mwen pa t wè se tan m t ap pèdi Refren 1 Yo mete m nan mitan, Yo pale Ak jalouzi Yo travay pou detwi Bondye wè m inosan, Li pwoteje m Li ban mwen limyè M kite yo dèyè Lè m gade kote m t ap trennen Yon pil moun trèt ki pa p ofri anyen Si Bondye pa t met men sou mwen Pou nanm mwen pa t ap gen demen Refren 1 Lè m gade jan kè m t ap trimen M ap fè byen men yo pa vle wè mwen Si Bondye pa t retire mwen Lè konsa, lavi mwen menm nan m mwen t ap fennen Refren 2 Woy mezanmi wo kòd la kase (4 fwa) Yo pa p jwenn mwen ankò Pou yo vin bay rapò Non mwen pa p janm nan zen Bondye ban m lòt chimen Refren 3 Men kòd la kase Men kòd la kase wo Men kòd la kase m delivre Bondye rele m Men kòd la kase Men kòd la kase wo Men kòd la kase m delivre Bondye rachte m M pa bezwen siveye Sovè mwen ap veye Non mwen deja ekri Nan liv ki bay lavi