Tibob De Nazareth - Efo N Ap Fe lyrics

Published

0 295 0

Tibob De Nazareth - Efo N Ap Fe lyrics

EFO N AP FE Refren Nou tout se efò n ap fè Pou nou ret sou chimen syèl la Genyen soufrans genyen doulè Lè nou chwazi chimen syèl la Sa ki devan sa k lidè Pa kritike sa ki dèyè Nou tout se efò n ap fè Pou nou ret sou chimen syèl la -I- Pa gen moun ki fèt tou rive Nou tout se lite n ap lite Si Lespri Bondye pa t la Mwen avè w nou ta lage sa Se pa fò nou fò konsa Si lè w gade w wè m ap panche M pa wè rezon pou w ap fete Si jodi a m fè fopa Ou dwe pare pou ban m lebra Ou pa ka konnen kisa Demen met pou ou sou wout la -II- pa panse ou pa ka tonbe se pye nou tout ki ka glise kèlkeswa wotè w rive se pou nou toujou ap veye se sanzatann nou ale pa genyen pèsonn ki pafè se gras Bondye ki bay favè si w wè w gen fòs pou konbat pa pran lestomak pou w ap bat se koube di Bondye mèsi epi ede sa k ap febli -III- Ou ki pa vle kwaze avè m Sou ou m jwenn fòs pou m kenbe fèm Ou pa p janm rive konnen Lè w ban m lapè janm m santi m byen Ou banm anvi pou m kretyen Si n te konnen jan nou frajil Vire-tounen nou an peril Se nou tout ki t ap kriye Lè nou wè youn gen dlo nan je Nou ta prèt pou padone Epi bliye sa ki pase Wi frè mwen, wi sè mwen Se efò n ap fè (pou nou ret sou chimen syèl la) Wi se vre, chaje difikilte (pou nou ret sou chimen syèl la) men si w ban m lanmen m a rive pilwen (pou nou ret sou chimen syèl la) lè nou fè yon sèl gade jan sa bèl (pou nou ret sou chimen syèl la) men nou se moun sove fò n pa nan divize (pou nou ret sou chimen syèl la) ki egzanp nou ka bay si nou nan batay (pou nou ret sou chimen syèl la) genyen je k ap gade nou gen nanm pou sove (pou nou ret sou chimen syèl la) fò n sonje, nou tout se efò n ap fè (pou nou ret sou chimen syèl la)