Tibob De Nazareth - Ban M Fos lyrics

Published

0 184 0

Tibob De Nazareth - Ban M Fos lyrics

BAN M FOS Refren 1 Ban m fòs, ban m fòs W a ban m fòs pou m kenbe Ban m fòs, ban m fòs W a ban m fòs pou m rive Mwen ka fè jèfò Pou w demen miyò M ka kite tout bagay Di lemond babay Men si w pa bò kote m Si lesprisen w kite m M ap tankou w òfelen Satan pran nan pèlen Refren 1 Son w chimen kalvè Son w chimen doulè Mwen santi m twò piti Pou sa k ap vini Fanmi se flèsezon Zanmi se trayizon Gen sa ki lage sa Men m konnen w gen pouvwa Pon Ban mwen fòs pou m rive kote w Vini ame m anndan Pou lè touman M ap tonbe si ou pa kenbe m Menm lè gen movetan Pou m di Ann avan! Refren 1 Lè w wè m ap adore w (se fòs m ap mande) Met ajenou nan pye w (se fòs m ap mande) Lè m leve men m anlè (se fòs m ap mande) Pou mwen w se sèl sovè (se fòs m ap mande) M ap trebiche men m lè m pran bon chimen M pa konn jodi alevwa pou demen Chak jou se penitans Chak jou wi se soufrans Se nan ou mwen jwenn konfidans