Theory (Europe) - Mèsi lyrics

Published

0 283 0

Theory (Europe) - Mèsi lyrics

Yon ti mo senp men K'dèfwa ki difisil pou di Anpil fwa ou pansel Men se dil ki dil Yon kouto anndan yon po sa se efè verite E sa blese tankou yon kouto lèw pa jwenn mèsi ou merite Mèsi se serum ki fèw anvi fè plis pou moun ki diw li E si manmanw toujou anvi Poze tèt ou kesyon konbyen fwa ou te dil li Bon zanmi k toujou la avèw konbyen mèsiw ba yo déjà Siw santi mèsi pa vle ret prèw Poze tèt ou kesyon konbyen fwa ou wè mèsi fè gen dega Nan zorèy moun ki tandel mèsi se karès Se jès la ki konte Donk di mèsi menmsi li ta rès Pa gen anyen ou genyen si se pa resevwa ou resevwal Lèw ap di mèsi pa gen rezon tou pouw bese j** pouw bese vwaw Map profite slam sa a Poum leve jem Poum leve vwam Poum di mèsi Mèsi pou bondye ki banm lavi Mèsi paranm ki fèm ap viv jounen jodi Mèsi Mèsi pou tout moun ki banm sanm pat bayo ti mo sa a Mèsi prof elèv ki te chita sou banm Pou nou mw dedye ti mo sa a Mèsi tout moun avèm ki te pataje yon moman kit sete kè kontan kit sete tristès Mèsi ou menm ki te fèm ri nan moman mw te gen ti stress Mèsi ou menm tou ki pa konnenm menk deside lonjem lanmen Mèsi sa a se pou tout fi nan vim ki te deside montrem renmen Mèsi pou moun ki pretem zorèy yo lè mw ap slam Mèsi zanmi pam Ou menm lèm nan malè ki toujou deside pran kam Mèsi mèsi Di mèsi chak jou sapa vle di ou monotone Si c'chanjman ou bezwen pa dil fas a fas Fèl nan tlf Yon ti mo ki fèt pou mw, pou li ak pou yon lot Yon ti mo ki ka rache yon souri nan bouch yon lot E wap montrew asosyal si ti mo sa a ou pa sèvi avèl Siw santil two ban*l lè wap dil just met anpil dèyèl