Sarx - Repiblik Bosal lyrics

Published

0 123 0

Sarx - Repiblik Bosal lyrics

Bo bo, bo,bo, bosal (5) Repiblik Bosal, libète grimas, egalite MANSONJÈ Bo bo, bo,bo, bosal (5) Repiblik Bosal, libète grimas, egalite MANSONJÈ Repiblik Bosal, libète grimas, egalite MANSONJÈ Kote koripsyon ap koule a flo w'a di SON JÈ Si pòs elektif yo anvayi ak yon bann KÒ MANTÈ Nòmal pou libète ekspresyon fè chen fè KÒMANTE Souvan m'ande si SAM se tonton'n ou BÒPÈ N' Ayiti, twò souvan l'antre nan konfli n' pou BÒ W' PÈ N' ÈN yo SISITE, KREYE anpil DISPARITE Nou jwenn plis FYÈTE, lè n'ap di 13 Nov PARIS TE Vokasyon elit la se premedite SÒ NOU Ajanse kondisyon pou n'pran gou lila nan NÒS NOU Men k'souke tchatcha, li k'bat tanbou ASÒTÒ NOU Inégalité, se sa k'met siy mwens andedan FÒS NOU Batistè m' fèt anfè m'pa kwè n' ka MANJE L' CV tijèn pap janm konplè koz siyati l'se MAS LA Li refize m' pwogrè paske l'wè m'lèd NAN JE L' Men non patwon w'jis se miwa w', se sa k'koz ou wè KRAS LA Bo bo, bo,bo, bosal (5) Repiblik Bosal, libète grimas, egalite MANSONJÈ Bo bo, bo,bo, bosal (5) Repiblik Bosal, libète grimas, egalite MANSONJÈ A juste titre m'vin defann jistis ak egalite Sosyete pran konsyans antre nou gen twòp fose Lutte de cla**e, kouran sosyal la pa pase black-out Sa k'di yo se milat, ki non w'?? Mete mas la out Ayiti peyi espesyal, pou w bandi fò w'legal Tit ou selman sifi pou w'fè dezòd non capitale Banm non 2 prizonye san jije nan pénal Map bòw non 2 potentats nan vil la k'gen dwa fè mal Leta desakralize, sou w'gen non w'pa bezwen PWOTOKÒL Lajan fè chen danse e l' fè sa k'ka panse pe Dyòl Si jenès te kwè nan lekòl li tap ka li FITI L ' Li t'ap konnen bote bouboun se KILÒT ki Ba Li L ' Ayiti demen pou mw jis yon ILIZYON Pa fouti gen chanjman san jèn sispann fè EKSKLIZYON Repiblik Bosal, zòtèy kap goum'ak Talon Pou n'pa gwòs pou vizyon n' dirijan bay rèv nou PIL plan Bo bo, bo,bo, bosal (5) Repiblik Bosal, libète grimas, egalite MANSONJÈ Bo bo, bo,bo, bosal (5) Repiblik Bosal, libète grimas, egalite MANSONJÈ Le rap est encore jeune IMPOSANTS, Up2date, Amazan ... Roro du 109