P-Jay - Vini Non lyrics

Published

0 859 0

P-Jay - Vini Non lyrics

Vini non vini non pou n pale Pale kap mennen nou nan libète Tèt a tèt, Kè ak kè frè'm ak sè'm yo Pran ti chèz ba pou nou pale Vini vini vini Poun pale Vini vini vini Poun koze [Verse 1] Sa son kout Ochan vre AYIBOBO Kiskeya ou boyo tanpri dim dim pouki sa chanje Wi sa chanje Fòk te gen ede pèp oui poun sa manje Pandan still gen ayisyen st domingue kap mouri nan chan vre Wi n'anjandre Yo pap fè pa'n Fòn goumen pou fyète pa'n Si'n pwòpte pa'n Pa bezwen pati nap viv byen sou pwòp tè pan Pandan grangou ap detwi ma** yo Chak moun pèdi plas yo Lot nasyon vle prann daso Yo vle prann daso o Men kout raso yo n'pote tras yo Nouvèl non m'pa vle koutel Kawotchou nou bouke boulel Nap di l'union fait la force nou bouke di'l kounya fò n pwouvel [Chorus] Vini non vini non poun koze Koze sila se nan tèt kole Ou tande sa map di, mwen tande sa wap di Pran ti chèz baw pou nou pale Vini vini vini Poun pale Vini vini vini Poun koze [Verse 2] Yeah frè'm vini nou fon ti pale Kite panse vanse pandan nap brase mwayen pou retrason palè Ayisyen natif natal men podjab la haine fè'n pa sanble Chak kout raso gwo kout tanbou Dance yanvalou fè'n rasanble Ann kenbe men lòt ann ede An kite lespwa grandi Ansanm ann bati yon ti patri pou fiti'l garanti Vini vini neg anm Vini pou'n fon ti pale Vini pou'n twoke lide wi pou peyi'n ka avanse Ayayay ayayayayay (4x) [Hook] Vini non vini non poun pale Pale kap mennen nou nan libète Tèt a tèt, Kè ak kè frè'm ak sè'm yo Pran ti chèz ba'w pou nou pale Vini vini vini pou'n pale Pou'n pale koze a [Outro] Pour le drapo pour la patrie Haiti cheri, nap di l'union fait la force Nou bouke di l li lè li tan pou n pwouve l