P-Jay - Je'l Nan Je'm lyrics

Published

0 526 0

P-Jay - Je'l Nan Je'm lyrics

[Produced by Power Surge and Phat-G] [Intro] Nah nah nah Oooouuu [Hook: Sandro] Li konnen m'ap fè l soufri A chak fwa mwen ba l manti A wi sa s'on gwo soufrans Poutan l ret an silans Li konnen m'ap fè l soufri A chak fwa, mwen ba l manti A wi sa s'on gwo soufrans Poutan l ret an silans Je l nan je mwen Je l nan je mwen Je l nan je mwen Je l nan je m ohhh [Verse 1: P-Jay] Kou m ouvri bouch mwen, mwen wè je l nan je m San di yon mo, mwen di w wi je l nan je m Pafwa kè mwen sote santi wi l vle manje m Poze tèt mwen kesyon e si l ta vle vanje m Non se pa fòt li, men poutan se fòt pa mwen Mwen konnen gen konsekans mwen la m'ap tann rekòlt pa m Lè n'ap fè lòv, li pa pè ofri tout kò li Menm si lè m fini m'ap vire kite l poukò li Li sou men l se sa k fè je l nan je m Li refize kite m, non li just vle chanje m Sincèrement wi, m'ap mennen yon lòt vi Chak fwa m'vire kite l, li konnen m'al jwenn yon lòt fi [Verse 2: P-Jay] Men poutan plen lòt gason k'anvi li En même temps, se pa de fi k'anvi li Sak pran tan liv roman sa y'anvi li Men l prefere soufri olye pou m pa nan vi li Yeah, wi m'admèt ke sa pa bon Vakabon, petèt relasyon sa a ta ka bon Li pa neglije pou banm ti afeksyon mwen Li obeyi anba presyon mwen Banm poze n pi gwo kesyon mwen Pou ki sa k renmen n se li ke nou maltrete Si w jwenn lanmou lakay pouki w vle al prete Se sa k fè maladi lanmou toujou mal trete [Hook: Sandro] Li konnen m'ap fè l soufri A chak fwa mwen ba l manti A wi sa s'on gwo soufrans Poutan l ret an silans Li konnen m'ap fè l soufri A chak fwa, mwen ba l manti A wi sa s'on gwo soufrans Poutan l ret an silans Je l nan je mwen Je l nan je mwen Je l nan je mwen Je l nan je m ohhh [Bridge: Both] Je l nan je mwen, Je l nan je m man Je l nan je m ohhhh Konnen m'ap fè l soufri Men poutan l ret an silans Li ret an silans man Ah wi… [Hook: Sandro] Li konnen m'ap fè l soufri A chak fwa mwen ba l manti A wi sa s'on gwo soufrans Poutan l ret an silans Li konnen m'ap fè l soufri A chak fwa, mwen ba l manti A wi sa s'on gwo soufrans Poutan l ret an silans Je l nan je mwen Je l nan je mwen Je l nan je mwen Je l nan je m ohhh