Dice - Ou men Sèl lyrics

Published

0 186 0

Dice - Ou men Sèl lyrics

I Istwa lanmou n' ta sipoze egzanp Yon wout ki just trase pou tout jèn nan chèche lanmou ki pèdi Ya jwenn yon kote pou pase Nou zanmi depi timoun toujou al lekol ansanm tout sa n' genyen nou pataje mwen gon moso nan ou andanm Ou te bon nan fransè mwen mte degajem nan mat ansanm nou te konn travay oubyen pran yon sijè debat Lè yo pa vlew vinn lakay nou pase jounen ap tchat pale sou sa demen ap bay sou tout koze bay bel ti blag Avèw mte telman abitye kifè lèw pa prèm lavi a banm degou Ansanm nou te vle abite men kom nou pat prè chak jou n' pran randevou Msonje premye ti bo ou banm anndan kèm te gen fe datifis paran w te kanpe Ble-dan men pou mwen ou toujou prè pouw fè sakrifis se sak fè.... (REFREN) Mwen met espwam nan ou mwen ret kwè relasyon nou ap dire pou toujou espwam nan lanmou mwen ret konfyan lanati ap tjou an favè n' cuz (avèw mwen viv yon lot vi lèm avèw mpa janma wè lot fi ooo mpa janm kitew ale)(*2) II Kounya nou grandi Matirite n' vinn tounen dlo pou rouze jaden lanmou n' Tout bri fini Paran aksepte nan sa nap fè a nou granmoun Plen zanmiw kap tchekem sou kote Men se sèl ou m wè Lè pwoblèm lavi voye fènwa bo kotem pou mwen cheri ou se limyè Moun ki pa konn vi n' kap tripp sou nou ann kite yo ri B aprèw mpa konn lot fi ki ka madan Theory Fè tt ti plezi nou ansanm bb mond pam se bo kotew tripp de janvye a desanm pou n' ale kitem potew Se vre kounya ou pati al etidye men distans lan se just yon eprèv an plis Mwen met espwa m' nan lanmou lanmou n' ap reziste Menmsi farizyen yo ap konplote nap still toujou egziste tankou lanmou n' se Jezi Kris Istwa lanmou n' se yon egzanp Yon wout ki just trase Se yon gwo batiman k' kanpe yon grat syèl, yon edifis (REFREN) Mwen met espwam nan ou mwen ret kwè relasyon nou ap dire pou toujou espwam nan lanmou mwen ret konfyan lanati ap tjou an favè n' cuz (avèw mwen viv yon lot vi lèm avèw mpa janma wè lot fi ooo mpa janm kitew ale)(*2)