AlCol - Poukisa poum vote? lyrics

Published

0 149 0

AlCol - Poukisa poum vote? lyrics

Verse I-- Poukisa poum vote si anyen pa janm chanje a chak fwa? Gen de fwa mdi tèt mwen a kisa sa ap sèvim sim gen lafwa?! Peyi sa a bezwon mirak, li gen twòp aktè, miracle de la fois Mkonn ap di tèt mwen, poukisam pa natiralize wi pafwa Yo ddin vote chanjman a chak fwa yap chanje gouvènman Pèp la ap rele anmwey ou pa ta di on bann kannannan On bann san manman, sou do kolon blan Yo pito lage chay mizè, rasis! Malfektè a nan san nou Antann nou Nou vole lougawou tankou grandou Plenyen grangou Men djab nap bay manje Manje timoun moun detanzantann na fout deranje Nan ki ayopò peyi sa a, ap fout dekole Wil dekole, li dekole paj nan liv konstitisyon an, papye twalèt li ye Poukisa poum vote? (x2) Sa poum vote la a? Moun sa yo mwè la a wi Anvan eleksyon yo mi lari A te pi pwòp Nou sal pwòp Tèt nou! Nou panse demokrasi, se sán gen Pandan yap ba nou kakistokrasi, nou son pil tenten sitwayen CHORUS-- Eleksyon se pou vòlè Eleksyon se pou blofè Eleksyon se pou tafyatè Eleksyon se pou ransè POUKISA POUM VOTE? (x4) Eleksyon se pou aslè Eleksyon se pou atoufè Eleksyon se pou aktè Elesksyon se pou raketè POUKISA POUM VOTE? (x4) VERSE II-- Mfatige tande diskou Son kesyon de banm fon ti kou Ou fè 5an kounya a tou pam Si ou pa vlel eh benl tou pam Sa wap di la?v mpap desann Chèz sa a twò dous tande zanmanm Mpa konn siw te la anvanm Pèp la grangou? Dil kase zanmann Se mwen ki chèf, mèt e seyè, kès leta e li ki bous mwen Metem atè ou mèt eseye, wè se sa vin vin pete bouch mwen Pa gen manti, chen anraje toujou gen pouvwa Otes toi de là que je m'y mette, men kijan pou vwa Pèp la soti lèn kontwole menm radyo? Peyi a toutouni paske gouvènman pran tout rad yo Dozado nou ye poun met grafiti Fas a Fas nan mi Mkwè Ayiti son ti san fanmi On bèl ti fanm nan on bòdèl ki fè tout moun bezwen pran li Anh li pa posib poun bay sak ka fè yo fè? Pou bagay yo chanje èske moblije al kay kwafè? Si gen Lapè an Verite mpanse map Renmen Ayiti Kòman poun jwenn Respè si ak agranman sa yo nou an afè CHORUS-- Eleksyon se pou vòlè Eleksyon se pou blofè Eleksyon se pou tafyatè Eleksyon se pou ransè POUKISA POUM VOTE? (x4) Eleksyon se pou aslè Eleksyon se pou atoufè Eleksyon se pou aktè Elesksyon se pou raketè POUKISA POUM VOTE? (x4) OUTRO-- Nan peyi sa a, yo pa fè eleksyon, yo fè seleksyon.. Gad jan vès la chita byen sou moun kap dim al fè devwa sitwayen an non! Si chen pa palen e poul pa koze a chat wi! Bon tem din, nou panse nou ka fè bon chwa a lè yo gentan chwazi pou nou? Kakistokrasi!! Kakistokrasi, son fòm gouvènman kote se pi vye moun yo kap dirije Poum ta sal dwèt mwen Fòk yo ta pwòpte lari a.. Sim ta prezidan, mtap fout tout moun on pwazon ki pou tiye jèn ayisyen ki nan nou an.. Bann enbesil! Bann kakistokrat.. Al sal dwèt nou non